Call Us at: 954-736-2400 | Open Monday to Friday 9am – 5pm
Call Us at: 954-736-2400 | Open Monday to Friday 9am – 5pm

Yon Dezyèm Chans Pou Moun Ki Chape Anba Trafik Moun

Victoria Sexton Esq. – Avoka kont trafik moun, kabinè avoka Coast to Coast Legal Aid of South Florida, Inc.

Pou kèk moun, afè trafik moun nan anndan katye ak kominote nou yo sanble yon bagay ki non sèlman enposib, men yon lejann. Men, Konte Broward Florid klase an dezyèm pozisyon kòm kote an Florid ki gen plis ka trafik moun. Non sèlman sa ap fèt; sa fèt anpil. Nou genyen tout, pò entènasyonal, pwogram leswa, evènman espòtif, ak yon gwo gwo endistri sèvis. Trafik moun nan se yon opòtinite pou fè krim. Trafikan yo pa fè diskriminasyon lè y ap chèche viktim. Sa sa vle di? Vwazen nou, pitit nou, travayè sèvis nou, zanmi nou, ak fanmi nou, tout ka viktim trafik moun. Trafikan yo chèche moun ki gen nenpòt kalite feblès. Sa ka nenpòt bagay, soti nan espas vid nan sistèm pwoteksyon yo, pwoblèm finans, baryè lang, moun ki soufri ak adiksyon dwòg, pwoblèm pa gen kay, oswa andikap. Gen trafik moun nan Konte Broward e sa ap agrandi.

Nou kapab jwe yon wòl nan prevansyon, sansibilizasyon ak restorasyon pou viktim yo. Pou sa trafikan yo te rann viktim, apre zak agresyon an yo vin gen anpil nesesite. Anpil fwa moun ki chape yo bezwen èd nan kesyon lojman, manje chak jou, swen medikal, sèvis terapet, ak sèvis avoka. Legalman, moun ki chape yo ka bezwen èd nan kesyon Enjonksyon Pwoteksyon kont moun ki t ap trafike yo a, èd nan kad lwa familial, asistans pou ede yo fè demann èd leta, chanjman non yo pou pwoteksyon yo, oswa asistans pou ede yo fè demann pou efase dosye jidisyè yo pou krim yo te fòse yo komèt pandan yo t ap trafike yo. Sa yo pi bezwen, se asistans sèvis jidisyè se youn nan dènye etap pou ki chape yo k ap mennen demach pou reprann yo apre yo fin viktim agresyon. Sepandan, se yon etap ki enpòtan anpil. Paregzanp, dosye jidisyè suiv moun ki chape yo pou tout rès vi yo si lajistis pa efase l pou yo. Dosye sa yo afekte kapasite moun ki chape yo aplike pou lojman, pou yo jwenn yon edikasyon siperyè, kapasite yo pou yo jwenn pèmi, e anpil fwa yo limite opòtinite karyè pou moun sa yo. Ata arestasyon san pousuit jidisyè kreye yon kokennchenn obstak pou moun ki chape yo.

Otorite lejislatif Eta Florid te rekonèt baryè sa a epi yo kreye yon lwa ki ofri soulajman pou moun ki chape anba trafik moun. Nan ane 2013, Kò Lejislatif la Florid te vote Lwa §943.0583 pou Efase Dosye Jidisyè Viktim Trafik Moun. Dapre lwa sa a, moun ki chape anba trafik moun ki te komèt krim sou lòd, oswa anba fòs trafikan yo a, yo kapab depoze demann devan tribinal la pou l efase dosye a. Lwa sa a ofri moun ki chape yo yon dezyèm chans pou yo genyen yon nouvo kòmansman. Pou anpil nan yo, nouvo kòmansman sa a vle di yon diferans ant jwenn lojman ak pa jwenn kote pou rete oswa yon diferans ant yon karyè ki ba yo chans pou yo reyisi ak chomaj. Kwak kèk Eta pèmèt moun fè demach pou efase dosye jidisyè yo pou kòz “tipik” oswa “òdinè” trafik moun tankou postitisyon oubyen sèvi ak fo idantite, lwa Eta Florid rekonèt anpil fwa yo fòse viktim yo komèt divès kalite krim ki depase kad akizasyon “tipik” pou trafik moun. Pou konbat sa, Eta Florid kreye yon lwa pou efase dosye jidisyè ki ofri soulajman konplè ki pèmèt moun ki chape efase pi fò dosye jidisyè, esepte zak kriminèl ekstrèm/vyolan. Lwa a prevwa tou pou moun ki chape depoze demann devan tribinal pou tribinal la efase plizyè arestasyon, akizasyon fòmèl, ak kondanasyon. Sa pèmèt moun gen plizyè petisyon ankou an menm tan nan plizyè jiridiksyon. Kòm trafikan yo gen abitid transpòte viktim yo gen nan men yo, pwovizyon lwa sa yo bon pou moun ki chape yo ki genyen dosye jidisyè lepli souvan ak yon bann kantite akizasyon nan plizyè jiridiksyon.

Kòman yo efase dosye kriminèl yon moun? Yon moun ki chape, dabitid ak konkou yon avoka, depoze yon demann (petisyon) devan Tribinal pou tribinal efase dosye li. Apre sa, yon komisè gouvènman va revize petisyon an epi li va dakò oswa pa dakò ak petisyon an. Si pwokirè a dakò, yon jij revize petisyon an ak tout dokiman moun nan prezante kòm prèv epi jij la siyen lòd pou efase dosye jidisyè a. Apre sa yo voye lòd la nan biwo Grefye a kote grefye yo resevwa lòd pou yo detwi tout dosye ki gen pou wè ak ka a epi pou yo enfòme biwo lapolis ki te fè arestasyon an pou li fè menm bagay la tou.

Paske sa a se yon mwayen pou efase dosye ki apa epi ki espesifik, se pa tout pèsonèl jidisyè oswa Komisè gouvènman ki abitye avèk pwosesis patikilye sa a. Pou korije sa nan Broward County, 1ye novanm 2021, jij an chèf Tuter te siyen lòd administratif 2021-63-CRIM ki deklare Jij Stacy Ross dwe tande tout ka pou efase dosye kriminèl moun ki te mele nan trafik moun. Jij Tribinal Itineran Ross resevwa enfòmasyon sou trafik moun epi li se jij fondatè e Dwayen tribinal RISE Court la, yon divizyon espesyalize nan sistèm depandans e delenkans jivenil la yo chwazi pou ede jèn moun yo verifye oswa yo sispèk ki viktim trafik moun. Biwo Pwokirè Eta a nan Broward la deziyen yon pwokirè espesyalize nan trafik moun pou ka ki an rapò ak efase dosye kriminèl sa yo tou. Sa pèmèt yon pwosesis senp epi sa asire gen yon Komisè gouvènman, ki byen enfòme nan trafik moun ak chòk mantal, trete ka delika sa yo.

Si oumenm oswa yon moun ou konnen se yon moun ki chape anba trafik moun, nou la pou nou ede w. Kabinè avoka Coast to Coast Legal Aid of South Florida ofri sèvis avoka gratis pou moun ki sove anba trafik moun. Nou reprezante moun ki sove pou kesyon efase dosye jidisyè yo. Si w gen yon dosye jidisyè nan Konte Broward ki an rapò ak agresyon, nou ka an mezi pou nou ede w. Tanpri kontakte nou nan humantrafficking@legalaid.org.

Safety Exit